🔗 ⚙️

Pèsiste from KEMUEL by Romère

Tracklist
2.Pèsiste3:10
Lyrics

Nan rèv chak moun g’on’w melodi
Atom, kwomozom an mo pwezi
Nou tout ap respire nan’w senfoni
Depi latè jouk nan lòt galaksi.

Yon kò fizik
Yon moso ajil ki vlope nan’w ti mizik
Se nanm ak lespri
K’ap valkande sou kòd gita sou wout lenfini.

Lavi, lanmou se vibrasyon
Yon eko ki pran ray dyapazon
Vizyon gide tèt zaviwon
Se misyon’k trase chimen destinasyon, tout bon.

Pa janm sispann reve
Antisipe
Pèsiste, eksplore
Wout bare, avanse, pa kanpe, pa lage, lite.

Nan rèv chak moun g’on’w melodi
Atom, kwomozom an mo pwezi
Nout tout ap respire nan’w senfoni
Depi latè jouk nan lòt galaksi.

Yon kò fizik
Yon moso ajil ki vlope nan’w ti mizik
Se nanm ak lespri
K’ap valkande sou kòd gita sou wout lenfini.

Credits
from KEMUEL, released March 15, 2025
Guitar: Romere JN Louis
Piano: Rufus d'Ithamar Vales
Drums: Adrian Amarante Quiñones
Bass : Edison Tilus
Lead Vocal: Romere JN Louis
Background Vocal: Romere JN Louis
Lyrics: Jean Winer Pascal

Music Production: Romere JN Louis
Mix Engineer: Jerry Jn Camille Joseph
LicenseAll rights reserved.
Tags
Recommendations